A la yon zanmi se Jezu

A la yon zanmi se Jezu
Tout peche mwen se chaj li
A la yon byenfè pou’m pote
Penn ba li nan lapryè
Konbyen fwa la pè nou pèdu
Konbyen chagren nou subi
Pouki paske nou pa pote
Tout ba li nan la pryè

Si gen tantasyon ak touman
Ou traka nenpàt kouman
Nou pa pou janm dekouraje
Jezu la nan la pryè
Ki lès zanmi ki si fidèl,
Ki fè nanm blye doulè’l
Jezu konnen sa feblès ye
Jwen ak li nan la pryè

Nou santi’n fèb nou pa kapab
Ki lès fia nape pase
Sove a di li responsab
Jwen ak li nan la pryè
Si zanmi ou yo blye ou
Di Jezu’l li tande ou
La pe tann ou bra li louvri
Jezu vle ba ou la vi.