Amou BonDye pi gran pase

Amou BonDye pi gran pase
Tout sa lang moun ak zanj kab di
Lale pi lwen pase zetwal
Li jwen moun ki te finn pèdu
Pitit Bon-Dieu chache moun ki
Nan la penn ak peche
Si yo rekonèt peche yo
Li prèt pou padone


Amou BonDye se richès pu
Li san mezi, li fò
Amou sa a dure tout tan
Se kantik tout zanj yo

Lè tout jou ak lane pase
Lè tout tròn, tout wa finn tonbe
Lè moun ki pa prye jodi
Va chache mwayen pou sove
Lamou Bon-Dieu va la toujou
La san mezu, l’a fà
L’a fàs Bon-Die Pou sove nou
L’a kantik tout zanj yo

Si nou te kab chanje lanmè
Kon lank na syèl la pou n’ekri
Si tout bwa sou la tè te plum
E tout moun te kapab ekri
Pou yo ekri lamou Bon-Dieu
T’a finn seche lanmè
E syèl la pata kab kinbe
Tout zèv lamou’l te fè