Arebò yon chemen

A rebò yon chemen
Ki mennen Jeriko
Jezu te rankontre yon mandyan
Yon vye rad te sou li
Tou de zye’l te fèmen
Li tap mande charite


Jezu te di l ou met ale (bis)
Depi menm lè sa li wè

Le ou gade nan Jan 8
Vèsè 12 nan la bib
Jezu di se limenm ki limyè
Moun ki mache nan li
Pap janm nan nwa ankò
Li va gin lumyè la vi