An nou travay pou le Senyè

An nou travay pou le Senyè
Avan solèy la kouche
Pou’n anonse bon nouvel li tou patou
E lè Jezu va tounen
Pou’l chache tout fidèl li yo
Lè’n va la avèk Jezu
Kote ou va ye


Lè’n va la avèk Jezu (4 fwa)
Kote ou va ye

Nou pa gin pou’n dekourage
Malgre chemin difisil
E tristès pap fè nou mache tèt an ba
Toutfwa nape tan le Senyè a
Ki va parèt an lè ya
Lè’n va la avèk Jezu
Kote ou va ye

Gin anpil mouton ki pèdu
Ki egare nan peche
Yo pa konnin si nou gin yon bon bèje
An nou chèche yo pou Jezu
Fe yo antre nan pak la
Lè’n va la avèk Jezu
Kote ou va ye