Anfen mwen livre Volonte’m si rebèl

Anfen mwen livre
Volonte’m si rebèl
Mwen vle pou ou,
Sovè pou ou menm sèl
Koulye a, mwen vle di nan pryè’m
Senyè, fè volonte ou nan kè m


Volonte BonDye dous
Se li menm mwen kontan swiv
Senyè volonte ou agreyab
Fè’m pi konpran ni chak jou
Fè’m konnen jan pou’m suiv ou
Volonte ou dous, li si emab

Mwen te fini bouke viv anba peche
Chemen satan tou rèd, tou nwa li ye
Men bel lumyè te klere rout la
Lè’m te jwen ak Jezu prè la.kwa

O volonte ou dous,
Ladann m’ap rete
Ou sel konnen
Chemen mwen dwe pase
Tout dezòd regle, la pè ranpli mwen
Kon yon ti zwazo Nanm mwen vinn lib

Nanm mwen kache nan ou
Senyè pou tout tan
Pye mwen pa pou suiv
Ankò tras satan.
Ki puisans ki kab egare mwen
Lè’m rete nan volonte Bon-Dye?